loader

Sou nou

Byenvini lakay La Touche de Manou

Yon pasyon ki la depi lontan, yon sèvis tretè ki sòti anndan kè.

Mwen rele Manette, men tout moun ki pròch mwen rele m Manou. Depi m te piti, mwen te toujou gen yon lanmou natirèl pou kwizin. Mwen te kòmanse kwit manje depi m te gen anviwon 7-8 lane, mwen te konn ap gade epi ede nan kwizin fanmi an.

Kwit manje te vin tounen yon plezi pou mwen — se yon fason pou m montre lanmou, pran swen lòt moun. Kit se pou fanmi mwen, zanmi, oswa moun mwen pa konnen. Wè moun kap souri apre yo fin manje bon manje mwen fè, se pi gwo satisfaksyon mwen te ka genyen.

tank tan ap pase, mwen toujou ap jwenn anpil kompliman ki soti nan fanmi m, zanmi m, kòlèg travay mwen, epi menm etranje ki goute manje mwen, te ankouraje m franchi yon pa. Se konsa La Touche de Manou te vinn parèt : yon sèvis tretè ki fèt ak pasyon, senserite, epi atansyon sou chak ti detay.

Espesyalite mwen : mwen fè manje ayisyen , ki soti nan rasin mwen, men ki ouvè tou sou gou lòt kote nan mond lan — toujou ak ti touch pa m.

Manou

Kwizinye prensipal

Yon pasyon ki fèt depi piti

Istwa La Touche de Manou

19xx

Premye pa mwen nan kwizin nan

Tout bagay te kòmanse nan ti kwizin fanmi an. Bon sant epis, rèl kè kontan, ti ri ki t’ap melanje ak bwason. Lè m te gen anviwon 7-8 an, mwen te toujou vle ede, aprann, epi goute. Sa pa t jis yon jwe—li te tankou dekouvèt yon lanmou. Mwen te konprann byen bonè ke kwizin se fason mwen pou’m montre lanmou.

2010

Plezi ki tounen pasyon

Chak fwa m ap kwit, se tankou m ap mete kè mwen sou dife a. Zanmi, fanmi, moun mwen pa menm konnen—tout moun ki te goute manje mwen te pote m kè kontan ak bèl mo. Chak ti fraz tankou 'manje sa bon wi!' se te pi bèl rekonpans mwen. Pasyon an te vin fè pati mwen nèt.

2020

Ankourajman ak chimen mwen

Moun te toujou ap di m sa: 'Ou dwe fè sa pou bon vre, Manou!'. Kolèg, fanmi, moun ki te goute manje mwen. Yon vwa andedan mwen te di li lè pou’m fè sa serye. E mwen te suiv vwa sa a ak tout kè mwen.

2024

Nesans La Touche de Manou

Se konsa La Touche de Manou fèt. Yon sèvis kwizin ki soti dirèkteman nan kè. Chak resèt se tankou yon mesaj, chak engredyan chwazi ak lanmou. Se pa sèlman manje mwen sèvi, se chalè, memwa, ak emosyon mwen mete sou chak asyèt.

Apr 2026

Yon kwizin ki pale akmoun ak lemonn

Mwen rete lye ak rasin ayisyen mwen, men kè m ouvè sou tout sa ki bon. Mwen renmen melanje gou lokal ak gou etranje, mete pa’m ladan. Chak manje se yon ti vwayaj, ak anpil lanmou ladan. Se sa La Touche de Manou reprezante.